Skip to content
Konektenou logo Konektenou
Home Services Blog Contact
EN FR ES
Book a consultation
Home Services Blog Contact
English Français Español

Kreyòl · QuickBooks ak Kontabilite

Match, Add, oswa Transfer? Règ QuickBooks pou Evite Doub

Èske QuickBooks ap konte menm peman an 2 fwa? Men règ 3 segond ki korije pwoblèm nan.

Ou anrejistre yon fakti kliyan ak yon peman nan QuickBooks. Kèk jou apre, menm peman sa a parèt nan flux bankè ou a. Ou klike sou Add. San w pa remake l, QuickBooks ka gen 2 anrejistreman pou menm lajan an kounye a.

Se youn nan pi gwo erè kontabilite pwopriyetè ti biznis fè nan QuickBooks Online, e li gonfle revni an an silans, li deranje rekonsilyasyon bankè, epi li kreye konfizyon nan moman taks.

Règ ki korije pwoblèm nan

Chak transaksyon ki rive nan flux bankè ou bezwen youn nan 3 aksyon sa yo, jamè devine, toujou verifye:

  • MATCH — transaksyon an deja egziste nan QuickBooks (yon peman kliyan ou deja anrejistre).
  • ADD / CATEGORIZE — transaksyon an vrèman nouvo (yon depans ou poko antre okenn lòt kote).
  • TRANSFER — lajan deplase ant pwòp kont ou yo (chekin pou ale nan epay).

Gwo règ la: si transaksyon an deja anrejistre nan QuickBooks, chèche l epi fè Match. Pa kreye yon dezyèm transaksyon revni pou lajan ou deja konte.

Ou deja klike sou "Add" pa ere?

Pa panike, epi pa efase fakti oswa peman orijinal la. QuickBooks gen yon opsyon Undo ki retounen antre ki mal la nan zòn revizyon an, kote ou ka fè l match kòrèkteman.

Siy alèt ki vo lapèn tcheke jodi a

  • Revni an sanble pi wo pase sa w te espere san rezon
  • Yon peman kliyan parèt 2 fwa
  • Balans bankè nan QuickBooks pa gen sans
  • Rekonsilyasyon an santi l pi difisil pase nòmal

Si nenpòt nan sa sanble familye pou ou, kontabilite ou ka deja gen kèk doub kache ladan l.

Nou mete tout eksplikasyon an, flowchart 3 segond lan, ak etap-pa-etap koreksyon an nan yon gid gratis yon paj.

Telechaje Gid QuickBooks Gratis la (PDF) →

Si ou pito nou revize fichye QuickBooks ou dirèkteman epi netwaye sa ki deja doub yo, se egzakteman sa nou fè.

Pran yon revizyon QuickBooks gratis ak Konektenou →
Konektenou

Digital and financial services for businesses that want to grow with a plan.

Services

Web & Digital Services Business Administration Personal Tax Filing Business Planning QuickBooks & Bookkeeping

Get in touch

+1 (888) 691-2813 Message us on WhatsApp Info@konektenou.com Contact

 

Terms & Conditions Privacy Policy Refund & Correction Policy
© 2026 Konektenou. All rights reserved. Reproduction or use of this content without authorization is prohibited.